12 lane aprè 12 janvye, kijan sa ye?

Abri tanporè nan Pòtoprens - 2012

Nan kad 12 lane tranblemanntè 12 janvye 2010 la, yon moman refleksyon oubyen kritik sou èd ONG parapò ak viktim yo enpòtan. Kisa ki koz atant viktim yo pa janm konble ak kesyon èd la? Kijan ONG yo ka rive amelyore kesyon sa?

Ane 2010 se yon ane ki wè plizyè santèn ONG debake nan peyi a nan lojik pou vin pote èd bay viktim yo. Men èd sa yo toujou kreye pakèt pale anpil nan mitan viktim yo. Job Dayiti ki se yon mobilizatè k ap travay pou Haiti Response Coalition, ki nan domèn èd imanitè depi plis pase 12 lane t ap eksplike nou kijan kesyon èd imanitè a ye. "Fòk mwen di nou, tip èd yo kreye anpil plenyen nan mitan viktim yo. Yo konn menm rive di se pa èd sa yo yo bezwen".  Sa vle di, pafwa èd yo pa reponn vrèman ak bezwen moun yo nan kominote yo. Pou Job, daprè eksperyans li fè sitou aprè tranblemanntè 14 dawout 2021 an, manke koòdinasyon ak planifikasyon nan jesyon èd imanitè yo. Nan sans sa, dwe gen yon rapò ant moun k ap bay èd yo ak moun k ap resevwa èd yo, yon fason pou yo rive konnen bezwen reyèl viktim yo.

Remak pa Wyndia Mondésir ki se yon mobilizatè nan zòn Pestel k ap travay pou Haiti Response Coalition pa diferan. "Èd yo nan zòn Pestel se otorite lokal yo ki toujou jere distribisyon yo. Tout moun nan zòn yo pa toujou jwenn sa ki konn kreye pwoblèm ant viktim yo". Pou li menm, dwe gen yon kontwòl sou kantite moun ki nan zòn yo avan distribisyon yo,yon mannyè pou tout moun ka patisipe.

Aprè 12 lane malgre tout èd ki rive jwenn viktim yo sitiyasyon yo pa chanje. Sa montre klè gen yon pwoblèm depi nan fondman dosye a ki dwe jere. Jan anpil moun kapab konstate l, èd imanitè t ap distribiye nan divès kwen nan kapital la nan move kondisyon, chaje ak imilyasyon fas ak viktim yo. Konsa daprè òganizasyon entènasyonal Center for Economic and Policy Research (CEPR), soti 2010 rive 2012 pwogram asistans pou Ayiti ki te soti aletranje yo te monte 6.43 milya dola e yo te rive nan men òganizasyon yo. Leta ayisyen te jwenn sèlman 9%. Sa ki ka fè n konkli nan chèche kout men pèp ayisyen pran kout pye.

Previous
Previous

Sivivan Yo Pale

Next
Next

Premye janvye, yon dat, yon istwa pou tout ayisyen konsekan