Konsèy Nasyonal Tranzisyon (CNT) an Dwe Pote Flanbo Batay pou Delivrans Politik la

Anpil pèsonalite te prezan pou enstalasyon CNT 12 desanm 2021 la. Plizyè manm CNT fè diskou. Oratè yo te ensiste sou yon dezyèm endepandans pou Ayiti. Apèn yon semèn apre, CNT an te fè pwochen etap: li te eli ofisyèl li yo.

Seremoni enstalasyon CNT la

Delege  chanm komès pou fanm biznisman an Ayiti ( "Chambre des Femmes  entrepreneurs d'Haïti) a, Naed Jasmin, fikse anbisyon Akò Montana a charye: koupe fache ak pratik Leta peze souse a, rejwen endepandans nou te sanse pèdi akòz dap piyanp sou desizyon politik peyi a. Nan yon diskou ki sanble te travèse piblik la anpil si tèlman yo aplodi, li dabò fè konen gon w gwo kase sèk ki anrejistre nan liy batay pou rache demokrasi epi abouti ak tranzisyon demokratik aprè rejim bout di Duvalier yo kite reprezante pou Pèp Ayisyen an yon dezyèm endepandans. 

"Remambre sosyete a epi kreye yon nouvo Sosyete Vin yon nesesite. Se nesesite sila a ki anrasinen prensipal objektif Akò Montana a : Repran tranzisyon demokratik la kote l te bloke a nan koupe fache ak tout pratik souse Leta a epi tout desizyon antipèp.”

- Naed Jasmin

Manm Biwo swivi Akò Montana a, Ansyen minis Magalie Comeau Denis, te gen yon mesaj espesyal pou reprezantan anbasad yo. Li remèsye yo paske definitivman yo resi konpran jan sa nesesè pou yo kite dyalòg ant ayisyen an rapouswiv pandan yo ap rete senpman kòm akonpayatè. 


Divès gwo pèsonalite ki nan nannan Akò Montana a te prezan. Pami yo, Nou ka site senatè Patrice Dumont, Ansyen senatè Antonio Cheramy ak Steven Benoit, Doktè Jean-Hénold Buteau (Altènativ Sosyalis) , biznisman Grégory Brandt, Doktè Jean Myrtho Julien (Fanmi Lavalas), elatriye. 

Konsèy Nasyonal Tranzisyon an gen 46 delege. Yo prete sèman sou 105 atik ki tabli wout Tranzisyon an dwe pran. Yo gen reskonsablite triye apati yon pwofil moun ki pral prezidan epi Premye minis ki pral dirije Tranzisyon an. Se nouvo egzekitif sa a ki pral fè eleksyon


Pou listwa, Konsèy Nasyonal Tranzisyon an kon poze ak 26 delege ki reprezante sektè sosyal yo epi 20 reprezantan sektè politik la.


Sektè sosyal la voye : Jean-Robert Nobert, Bénissoit Duclos, Rosnel Jean-Baptiste, Jean-Claude Chérubin, Hougan Garnier Séjour, Mambo Carol de Lynch, Katia Bonté Pierre-Louis, Enorch Pierre, Jean-Pierre François Chavenet, Naed Jasmin, Fednel Zidor, André Lafontant Joseph, James Beltis, Kébert Bastien, Armand Louis, Père Mc Donald Jean Samuel Colin, Roger Jean-Charles, Roger Petit-frère, Cadistin Dieurime, Gary Lindor Guy-Robert Gourdet,. Guerda Jérôme, Ismène Elisma - Garçonnet, Charles Tardieu, Onia Siléus.


Sektè Politik la gen : Delson Cius, Ronald Michel, Joel Edouard Vorbe, Jodson Dirogène, Raphael André, Armand Joseph Jules, Evens Isaac, Frank Lauture, Saul Aneston Gauthier, Clac Eric Louis, Christine Paultre, Francoeur Pierre, Bastien Jean, Patrick Joseph, Géthro Louis-Jean, Jacques Matthieu, Kettly Adam Surin, Guy Robert Colo, Gérald Alerte.


Apèn yon semèn apre enstalasyon an, ofisyèl yo te eli. Men lis ofisyèl yo:

Prezidan: James Beltis

Vis Prezidan: Ismene Elismar Garçonnet

Sekretè : Naed Jasmin

Sekretè adjwen: Delson Cius

Repòtè 1 : Patrick Joseph

Repòtè 2: Kettly Adam Surin

Konseye yo: Zo Cherubin; Carol Delynch; Roger Jean Charles


pa Cliff Coulanges



Previous
Previous

Ayiti: ensekirite, banalizasyon lavi

Next
Next

A Haitian-led Solution Moves Forward