Ayiti: ensekirite, banalizasyon lavi

Jeneralman, fèt fen ane yo konn pote ti moso lespwa nan mitan popilasyon an. Depi kèk tan iresponsablite otorite Leta yo makonnen fewosite san parèy gwoup gang yo anpeche lespwa rive blayi an Ayiti.

Nan koumansman mwa desanm 2021 an chèf gang Izo te deklare li bay yon trèv mwa a. Nouvèl sa te soulaje popilasyon an. Malerezman, pawòl sa pa mache ak okenn aksyon. Nan entèval mwa desanm  nan anviwon 10 moun deja mouri anba bal sou wout matisan, san konte plizyè lòt ki blese gravman epi kidnape. Youn nan dènye viktim nan wout matisan se Medjine Dupuy, 31 lane, li mouri anba bal bandi ki pran kontwòl peyi a. 


Reyalite terib sa yo ap pase kote akò 11 septanm nan deja gen 3 mwa depi li antre annaplikasyon. Sètadi, gouvènman tabli epi ap itilize taks popilasyon an, pandan  yo pa pran okenn mezi pou rezoud pwoblèm  ensekirite a. Kontrèman ak lòt peyi kote pouvwa mache ak responsablite, an Ayiti se ak privilèj sèlman li mache.


Si nan kèk jou ki ap vini la ane a ap chanje, pèp ayisyen pa gen okenn espwa sou yon pwobab chanjman nan kondisyon lavi li. Dwa pou li sikile, travay, jwenn sekirite, pou  lavi li transfòme pa priyorite aktyèl dirijan Leta yo.


Jeneralman, fèt fen ane yo konn pote ti moso lespwa nan mitan popilasyon an. Depi kèk tan iresponsablite otorite Leta yo makonnen fewosite san parèy gwoup gang yo anpeche lespwa rive blayi an Ayiti. 

Fas ak reyalite difisil sa a, popilasyon  an pa sispann poze kesyon yo:

Kilè pwoblèm  ensekirite a ap rezoud?

Kilè lapolis ak lajistis ap rive jwe wòl yo kòmasadwa?

Kilè dwa pou moun viv ap rive respekte? 

Kilè dirijan yo ap sispann itilize  vyolans sou yo?

Kilè kominote entènasyonal la ap sispann sipòte otorite ki ap vyole dwa moun? 

Poukisa gwo peyi yo kontinye ap sipòte twazyèm vèsyon PHTK Premye minis defakto Ariel Henry ap dirije a?

Pwodiksyon  KJL


Previous
Previous

Gran sid: 4 mwa aprè

Next
Next

Konsèy Nasyonal Tranzisyon (CNT) an Dwe Pote Flanbo Batay pou Delivrans Politik la