Eleksyon 30 Janvye; Tranzisyon Ripti

KNT la te eli yon prezidan ak premye minis 30 Janvye. Pwochen etap la se pou yo fòme yon kabinè. Epi, kabinè sa a pral egzekite demach ki nesesè pou etabli bon kondisyon pou fè eleksyon.

Dimanch 30 janvye 2022 a, Konsèy Nasyonal Tranzisyon an (KNT) òganize eleksyon pou pòs prezidan ak premye minis. Konsèy sila ki te fòme anndan akò Montana a gen 42 manb ki te gen pou misyon chwazi yon prezidan pwovizwa ak yon premye minis. Prezidan pwovizwa a ak premye minis la pral fòme kabinè ministeryèl k ap dirije tranzisyon an nan peyi Dayiti. 

Nan kontèks sa, 42 delege 17 ki soti nan sektè yo chwazi  Fritz Alphonse Jean kòm prezidan ak ansyen senatè Steven Irvenson Benoît kòm premye minis. Akò sa daprè prezidan KNT a James Beltis, se yon konsansis nasyonal ki ka penmèt peyi a soti nan sa li ye a.

Ekonomis Fritz Alphonse Jean fèt Okap 22 avril 1956. Li se ansyen gouvènè Bank Repiblik Dayiti (BRH). Li te okipe pòs sa nan lane 1998 pou rive 2001. 

Steven Irvenson Benoît fèt Pòtoprens nan lane 1965. Li te senatè nan lane 2011 pou rive 2017. Li se yon ansyen depite tou nan lane 2006 pou rive 2010.

Pou pòs prezidan an te genyen 2 kandida, pou premye minis lan te genyen 4 kandida. Prezidan eli a, Fritz Alphonse Jean fè 25 vwa kont 15 pou Edgard Leblanc Fils. Yo te anrejistre 2 absansyon. Steven Irvenson Benoît fè 21 vwa kont 17 pou Philippe Jean Hénold Buteau. Sa ki te fè te gen yon 2èm tou pou pòs premye minis lan.

Komisyon elektoral la te genyen 7 manb. 42 delege nan òganizasyon ak enstitisyon sektè yo, pati ak regwoupman politik yo te patisipe nan jounen vòt la. Fanmi lavalas ki te youn nan manb yo te rive deziste lavèy jou eleksyon yo. Vòt yo te fèt manyèlman ak vèbalman pou chak delege nan tout transparans.

Li rete pou nou konnen ki jou ekip tranzisyon an ap pran pouvwa a epi mete fen ak tout deriv enstitisyonèl rejim PHTK a kite nan peyi a.

Previous
Previous

Note pour la Presse

Next
Next

Mobilizayon Ouvriye Yo nan Pak Karakòl