Gran sid: 4 mwa aprè

Lamizè ap taye banda, viktim yo san sekou.

Aprè tranblemantè a te fin pase tout moun te konprann abitan gran sid ta pral rale yon souf, jan anpil òganizasyon te motive pou ede moun ki nan bezwen. Sa pat pran anpil tan pou n te wè pat gen koze èd ki t ap regle vre,se te pito yon koze pou fè moun wè . 4 mwa aprè tranblemanntè a, Kay yo toujou pa debleye, anpil moun toujou anba tant, gen moun ki menm tounen anba kay fisire pandan toujou gen gwo replik. Yon sitiyasyon ki ta dwe pouse anpil moun reflechi.

Tranblemantè 14 dawout la mete apse sou klou abitan nan gran sid peyi a. Anpil peyizan lage 2 bra pandye. Nan ti pale nou te rive fè ak kèk peyizan nan komin Lazil, yo temwaye kòman tranblemantè a pote ale anpil byen ak resous yo te posede.  Nan vil Lazil la, ak nan seksyon kominal yo anpil kay kraze, nan vil Okay ak komin li yo menm se pa pale. Gen divès fanmi ki pèdi plizyè manm ki te konn travay latè pou fanmi yo.

Fòk nou di depi anvan tranblemantè a, sitiyasyon anpil moun nan gran sid peyi a te deja difisil. Zafè manje depi mwa dawout 2020 se te yon gwo kastèt, 9% moun nan Sid ak 5% nan Grandans te gen difikilte pou mete manje nan asyèt yo. Sa vle di yo te gentan tonbe nan sa yo rele “ijans alimantè” (CISCA, 2020). Kidonk, nou konprann tranblemantè 14 dawout 2021 an vin mete apse sou klou moun nan gran sid peyi a.

                           Demand kapitalizasyon kèk abitan nan gran sid

Lavi se mizerab nan lapli anba yon prela

Aprè tranblemanntè 14 dawout la te fin pase, gwo òganizasyon yo (ONG) ak Leta te rete nan koze ijans lan sèlman. Nan lokalite ki te gen chans jwenn yon ti bagay nan men Leta ak ONG yo, èd la te rete nan distribisyon kit sanitè ak alimantè, pafwa kèk prela. Sepandan, pa gen anyen ki di sou kijan moun yo pral fè pou rebati kay yo ki kraze, peye lekòl pitit yo, ranplase bèt ak jaden ki disparèt yo. Daprè kèk abitan, pwoblèm yo se pa manje ak kit lijyèn. Veritab pwoblèm yo se jwenn yon kote pou yo rete, jwenn mwayen pou refè jaden epi ranplase bèt ki pèdi yo. Se pou rezon sa a abitan yo di li t ap pi bon si te gen yon leve men ki fèt nan pri materyo konstriksyon yo, nan pri angrè yon fason pou yo ta refè kay pou yo rete epi jwenn mwayen pou bay tèt yo manje ak fanmi yo nan diyite. Nan sans sa, nou ka di aksyon òganizasyon yo ak Leta pa rejwenn bezwen reyèl moun yo nan kominote yo.

                               Kan Gabyon yon espas envivab

Anpil moun nan kan Gabyon nan vil Okay ap rele sekou,yo pa kapab ankò. Sou tèren sa genyen 353 fanmi, yon total 1131 moun (timoun,fanm ansent) k ap viv yon sitiyasyon ki depase vilnerab. "Lè lapli tonbe isi a se tèt chaje, pou m montre nou kijan bò isit la imilyan lè lapli tonbe menm delege depatmantal ki te vin la lè Martine Moïse te vin an se deyò li te kanpe tèlman  isit la pa bon lè lapli tonbe,menm tibebe yo se nan bourèt yo mete yo dòmi." Sa se pawòl delege kan tèren Gabyon an, Lougarü Cémil ki t ap eksplike n sou sitiyasyon deplorab moun sou kan Gabyon. Nan sans sa sinistre ki nan kan yo fè yon apèl dijans bò kote otorite konsène yo ak òganizasyon yo nan lide pou pote èd pou yo ka jwenn yon kote ki konfòtab pou yo rete,epi remanbre yo.

Plis pase 4 mwa aprè, Leta ak ONG yo sanble gentan bliye viktim gran sid yo. Sitiyasyon ensekirite, kidnapin, kriz politik retire  pwojektè ki te sou rejyon sid la pandan yon ti tan. Sa ki koz viktim yo lage poukont yo nan yon sitiyasyon defavorab san konnen jis kilè pwojektè sila ap relimen  ankò.



Naïka Farley Holland



Previous
Previous

Premye janvye, yon dat, yon istwa pou tout ayisyen konsekan

Next
Next

Ayiti: ensekirite, banalizasyon lavi