KRI DALAM POU SITE SOLÈY

KONBIT BIBLIYOTÈK SITE SOLÈY (KBSS)

16 Jiyè 2022

KONBIT BIBLIYOTEK SITE SOLÈY (KBSS) rele anmwey pou timoun, fanm ansent, andikape, granmoun, ak tout sivil ki ap mouri anba bal, swaf dlo ak grangou nan plizyè katye nan Site Solèy.

Depi plis pase 2 zan Site Solèy ap konnen move moman ki trè difisil akòz de konfli ant gwoup ame yo.KBSS te soti plizyè nòt pou te mande lapè ak rale atansyon otorite yo sou lagè sa ki te deja touye anpil moun , Tout gran wout yo fèmen, lekòl, legliz femen, komisarya polis, tribinal fèmen, chantye Konbit Bibliyotek la fèmen, pi gwo mache piblik Site a, mache Brooklyn fèmen tout aktivite paralize, tout koridò, tout gwo batiman, tout kwen tounen ‘’ Var “ pou bandi ki an konfli ant yo.

Soti 8 pou rive jis jounen jodi 16 Jiyè a, Site Solèy paka konte kadav. moun ap mouri preske nan tout katye nan sant vil Site a, Bwa 9, Ti Ayiti, Pwojè Dwouya, Belekou, Brooklyn, Boston, moun ap pran bal, moun ap mouri, moun ap boule, moun ap disparèt. Nou pa pral site chif yo paske yap ogmante chak minit, men plizyè òganizasyon dwa moun, nasyon zini ak laprès deja bay chif ki pase plis ke 230 moun ki mouri ak blese nan 8 jou ki pase yo nan lagè ant bandi nan Site Solèy.

Konbit Bibliyotek Site Solèy kriye anmwey pou plis pase 250 mil sivil ( timoun, fanm ansent, granmoun, andikape ) nan zòn Bwa 9, Vilaj Rapatriye, Ti Ayiti, Pwojè Dwouya , Brooklyn, elatriye ki kwense andedan kay yo depi 8 jou ki pa paka soti, ki pa genyen manje, ki pa genyen dlo, ki riske bay yon pi gwo katastwòf ak kantite moun ki riske mouri grangou ak swaf dlo, ki ka vin plis pase moun kap mouri pa bal. 

Kri sa se pou mande lapè, Si lapolis poko ka bay lapè, gwoup ame yo poko vle pran konsyans pou fè lapè, nou ap mande yon trèv pou anpeche popilasyon an mouri pa milye swaf dlo ak grangou.

Konbit Bibliyotek Site Soley KBSS ap mande lapolis, lajistis, oganizasyon imanitè ak dwa moun yo, gwoup ame yo ak otorite yo pou kouri prese prese jwenn yon antant pou lagè sa kanpe pou envite plis pèt lavi moun.

Se sèl nan lapè nou ap ka konstwi yon bon demen pou nou ak timoun yo.

Viv lapè!

Previous
Previous

Nòt Laprès sou mach wouj 22 dawout la

Next
Next

NON AU RENOUVELLEMENT DU BINUH