14 dawout kite gratèl ak gal pou moun Maslin

Maslin, twazyèm  seksyon kominal Kanperen kòmanse ap viv efè trablemanntè 14 dawout pase a nan nivo sanitè. Sa ki te alabaz yon gwo mouvman pwotestasyon nan seksyon an ayè lendi 27 septanm lan pou egzije Leta ak ONG yo aji vit anvè yo.



 Aprè gougoudou a te vin ravaje rejyon gran Sid la. anpil kay te kraze, sa ki lakoz anpil moun te oblije pran lari pou yo, pou yo al viv youn sou lòt  anba tant. Fenomèn natirèl sila a tou te fè gen pwoblèm dlo trete pou moun sèvi. Sa vle di, bwè dlo, benyen ak posibilite lave pati entim yo, pa rive fèt nan bon kondisyon lijyèn. De bagay sa yo melanje pou yo pote yon epidemi gratèl ak gal san parèy nan Maslin.

Kay moun yo kraze; tiyo yo kraze tou

Kay moun yo kraze; tiyo yo kraze tou



<<Pi fò moun yo te gen tiyo lakay yo e sa lakoz yo te abandone sous yo. E kounya tiyo yo kraze, donk vin gen pwoblèm dlo, yo oblije al benyen nan yon seri de sous ki te abandone.»: Se deklarasyon Ulysse Angeo, ki limenm se yon sitwayen nan zòn nan ki t ap batbouch li sou sitiyasyon kominote a.



 Maslin se youn pami tout seksyon kòminal k ap plenyen pou absans pouvwa santral ak ONG yo nan kominote a. Aprè abse sou klou sa a, plis pase mil sitwayen ak sitwayèn nan seksyon an te oblije mete pye yo atè pou fòse Leta ak ONG yo pou voye je sou yo. 

 Gaëtan Exius, ki limenm se youn nan manm òganizatè mouvman sila a deklare : 

Moun yo pa janm jwenn anyen nan men pyès enstans. Moun yo gen 2 ti ravin nan zòn lan yo konn al benyen ki se sous Kamoko yon sous ki chaje zèb, krapo, mazonbèl ak yon bann lòt bagay ankò ki lakoz dlo a enfekte, ak sous Opak, ki sou wout nasyonal Grandans lan, yon sous ki pa pre ak moun yo ki souvan egzije prezans yon moto siklèt pandan gen pwoblèm gaz epi se pa tout moun ki gen aksè ak moto an. Epi sous Perenid, ki limenm enfekte nan yon nivo grav.



Lè n sonje premye minis Ariel HENRY ak tout rès minis yo te pibliye yon dekrè eta ijans sou rejyon gran Sid la nan dat 15 dawout epi ki te renouvle 16 septanm nan. Ak kisa eta ijans sa abouti? Eske Leta sispann gen yon ministè sante piblik? Eske DINEPA pa fè pati de Leta a ankò? Pouki rezon moun Maslin ak anpil lòt kote pa jwenn asistans enstans sa yo?

Ta sanble eta ijans lan se nan chache akò politik li ye olye de okipe moun sinistre ki nan rejyon Sid yo tankou moun Maslin. Antouka! Òganizatè yo sèmante yo pap sispann pwoteste toutotan revandiksayon yo pa satisfè.



William SM Saint-Cyr

Konbit Jounalis Lib



Previous
Previous

Only Rashes and Scars for Residents of Maslin

Next
Next

La FJKL appelle au respect du droit international