Mobilizayon Ouvriye Yo nan Pak Karakòl

Sendika yo mete tèt yo ansanm pou mande gouvènman an ogmante salè minimòm lan. Leta a reponn ak fòs. Plizyè manifestan yo pran bal.

Depi 2 semèn yon mobilizasyon san pran souf-ki sèlman pran poz akòz inondasyon yo jodi a-yon mouvman leve kanpe lanse nan Pak Karakòl nan depatman Nòdwès peyi a. Ouvriye sa yo k ap denonse move konpòtman Leta parapò ak yo menm nan move kondisyon lavi yo. Kisa reyalite a ye?

Sa fè 3 lane (2019) depi gouvènman Jovenel Moïse la te fè yon pase men nan salè minimòm lan ki te vin pase nan 500gds. Nan lane 2022 kote to enflasyon monte, kous machin monte, pri plat manje monte, ouvriye yo mande pou Leta fè yon vire gade yo nan sitiyasyon sa a. Nan sans sa,  ouvriye yo mande yon akonpayman sosyal kote y ap gen asirans transpò, manje ak lasante. 

Ouvriye yo deklare si Leta pa reponn ak bezwen ouvriye yo apati 31 janvye k ap vin la, batay la ap pran nan prèske tout peyi a (Pòtoprens, Wanament, Taba, Kafou, elatriye).

“Yo pran ouvriye yo pou mannèv a bon mache, kòm esklav", declare Dominique St Eloi ki se manb CNOA k ap batay bò kote ouvriye yo. Li kritike Leta paske li pa respekte dwa fondamantal ouvriye yo, epi li pa respekte ogmantasyon salè minimòm yo. Nan yon peyi kote kou lavi a monte, 500gds pa jou pa ka regle anyen pou ouvriye nan faktori k ap travay depi 7h nan maten pou 4h aprè midi. Fòk moun yo manje, fòk yo peye machin e reponn ak lòt bezwen yo. Se sa ki pouse mobilizasyon sa a kote ouvriye yo about ak salè minimòm 500gds la.

Maycky yon ouvriye k ap travay nan modil 1 nan SCH Global nan Karakòl

Fas ak mobilizasyon sa yo Leta itilize fòs represyon l pou vin bay ouvriye yo gaz, tire sou yo. Kòm bilan gen yon ouvriye ki mouri anba bal lapolis ak kèk blese ki kouche sou kabann lopital. Se ka Maycky yon ouvriye k ap travay nan modil 1 nan SCH Global nan Karakòl. Li resevwa yon bal pandan l pat reprezante okenn menas pou lapolis. Li te sèlman t ap bat men li kont move kondisyon lavi ouvriye nan faktori yo. 

Nan kontèks sa, rès ouvriye yo mande jistis ak reparasyon pou kòlèg yo ki kouche aktyèlman sou kabann lopital ak sa ki mouri anba bal lapolis. Yo mande tou pou Leta pran responsablite l nan sa k ap pase nan Karakòl la, nan pran bon jan mezi pou reponn ak ajisteman epi ogmantasyon salè minimòm lan.  Jan Phanès Elusma youn nan militan k ap batay pou chanjman kondisyon lavi ouvriye yo di l la, “Sèl grenn zèl kat Leta se represyon pou kraze mobilizasyon ouvriye yo, nou p ap pran nan divèsyon". 

Prensipal objektif ouvriye yo se fè Gouvènman an pase men nan salè minimòm lan, toutotan sa pa fèt mobilizasyon an ap kontinye e l ap pran yon lòt faz.

Naïka Farley HOLLAND,  KJL

Previous
Previous

Eleksyon 30 Janvye; Tranzisyon Ripti

Next
Next

Defans Pou Fanm ak Tifi ki Sibi Vyolans