Premye janvye, yon dat, yon istwa pou tout ayisyen konsekan

Pou anpil kote nan lemonn, premye janvye senbolize pasaj yon ane pou antre nan yon lòt. Pa bò isit, nan peyi Dayiti, premye janvye a gen plis sans toujou. Depi 218 lane, li reprezante premye jou nou antanke pèp lib. Yon evenman ki kite anpil bon souvni nan listwa nou kòm pèp ak tout lòt pèp sou latè k ap batay.

Yon imaj Dutty Boukman soti 1791. Se li menm ki te òganize rankont ak seremoni sekrè pou lanse revolisyon an. 

Pou anpil kote nan lemonn, premye janvye senbolize pasaj yon ane pou antre nan yon lòt. Pa bò isit, nan peyi Dayiti, premye janvye a gen plis sans toujou. Depi 218 lane, li reprezante premye jou nou antanke pèp lib. Yon evenman ki kite anpil bon souvni nan listwa nou kòm pèp ak tout lòt pèp sou latè k ap batay.

Premye janvye 1804, se yon dat okenn ayisyen p ap janm bliye. Dat sa senbolize konba, fyète, dekolonizasyon ak mounite. Konba, koz zansèt yo te goumen anpil pou n lib, fyète paske n se premye pèp nwa ki pran endepandans, dekolonizasyon paske zansèt yo te retire pèp ayisyen nan lesklavaj anba men kolon yo, mounite paske yo te goumen pou tout moun gen menm dwa ak valè kèlkeswa koulè w ak ran sosyal ou. Kidonk, premye janvye 1804 se yon evenman ki bouje lemonn oksidantal la.

Aprè lekti akt endepandans lan, premye manje ki te pataje nan mitan popilasyon an se te soup joumou, sou direksyon madan anperè a,  Claire Heureuse. Soup joumou sa se pla rezistans senbòl libète zansèt yo. Se te yon fason pou konfime endepandans peyi a devan ansyen kolon ak eksklavajis yo. Men tou, se te yon fason pou yo te make volonte pou yo konstwi yon nasyon nan tèt ansanm ak nan pataj. Se te yon mwayen pou yo te konn kiyès yo ye, kote yo soti ak ki kote yo vle rive.

Soup joumon fè pati patrimwàn imateryèl tout Ayisyen. Enpòtans li nan listwa pèp la ba l yon valè senbolik ki ogmante relasyon nan mitan tout ayisyen. Nan sans sa, se avèk anpil kè kontan ak anpil fyète pèp ayisyen an aprann 16 desanm ki sot pase a enskripsyon soup joumou nan patrimwàn imateryèl limanite nan UNESCO. Desizyon sa a se yon avanse enpòtan pou Ayiti  se menm batay pou libète ak byennèt la k ap fè chimen l.  

Ki kote Ayiti ye apre 218 lane endepandans ?

Anpil moun k ap swiv sa k ap pase an Ayiti jounen jodi a ki chita sou: kòripsyon, enpinite, masak, kidnapin, vyolasyon dwa moun... reyalite pouse sèten ayisyen doute sou kapasite pou transfòme kondisyon lavi yo. Sa nou dwe konnen, depi apre endepandans Ayiti ansyen peyi kolonyalis kontinye ap sabote peyi a. Se rezon sa a ki lakoz jouk jounen jodi a prensipal levye desizyon yo kontinye anba kontwòl sèten gwo peyi atravè: Core groupe ak BINUH. 

Tris reyalite sa a pa teflete rèv zansèt yo ki te vle konstwi yon peyi kote libète ak byennèt  tabli. Kidonk, popilasyon an atravè diferan gwoup òganize dwe pran responsablite pou remete Ayiti sou wout zansèt yo te trase.

Previous
Previous

12 lane aprè 12 janvye, kijan sa ye?

Next
Next

Gran sid: 4 mwa aprè