Ayisyen yo ap Tounen nan yon Peyi ki nan yon sitiyasyon Kawotik

Atik orijin : Human Rights Watch  

Kriz Imanitè, Sekiritè a Fè Depòtasyon an mete Lavi moun yo an Danje

Etazini ak tout lòt peyi yo dwe kanpe sou mete moun yo deyò oswa depòte yo pou ale an Ayiti, kote yo pral fè fas ak gwo ris vyolans epi kote yo p ap genyen bon jan aksè pou jwenn pwoteksyon oswa jistis, deklarasyon “Li pa admisib pou yon gouvènman voye moun an Ayiti pandan sitiyasyon sekiritè peyi a ap deteryore epi genyen gwo ris pou lavi ak entegrite fizik moun yo, deklarasyon César Muñoz, ki se chèchè senyò pou peyi ki nan kontinan Amerik la nan Human Rights Watch. “Okenn gouvènman pa dwe voye moun tounen an Ayiti. Epi Etazini ki responsab majorite depòtasyon ki fèt yo, dwe mete fen nan itilizasyon initil epi ilejitim yon règlemantasyon sou sante piblik pou mete Ayisyen deyò yon fason ki abizif.”

Retounen an Ayiti reprezante yon menas pou lavi moun kounya la, e sa ap kontinye konsa, jiskaske kondisyon sekiritè yo amelyore. Lè nou konsidere kondisyon sekirite yo an Ayiti, gwoup ak òganizasyon nan sosyete sivil la k ap asiste moun ki tounen yo esprime preyokipasyon yo genyen pou moun yo mete deyò oswa depòte parapò ak ris kidnapin ak chantaj yo ka sibi pou lajan anba men gang kriminèl, ki kapab kwè moun sa yo ki tounen an gen lajan pou yo vwayaje oswa genyen fanmi ki aletranje ki kapab peye ranson an.

Men, pou kounya pa genyen okenn sistèm ki mete an plas pou idantifye epi sipòte moun ki retounen yo.

Soti premye janvye 2021 pou rive 26 fevriye 2022, genyen, 25,765 moun yo te mete deyò oswa depòte pou vin ayiti, daprè done Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) te kolekte. Pami moun sa yo, Etazini te depòte 79 pousan—20,309 moun— pandan peyi Bahamas, Kiba, Zile Turks ak Caicos, Meksik, ak lòt peyi te depòte rès yo. Soti 19 septanm 2021—lè OIM te kòmanse kolekte done detaye —pou rive 14 fevriye 2022, Etazini voye tounen preske 2,300 timoun ki te fèt aletranje men ki gen paran ayisyen, majorite ladan yo te soti Chili.

Pifò moun Etazini depòte yo te kite Ayiti kèk ane avan sa, pou kouri kite yon sitiyasyon sekiritè ak ekonomik ki te deja difisil, e yo t ap viv Chili, Brezil avan yo te vwayaje pou Etazini. Genyen ki te sibi vyolans, tankou abi seksyèl, nan wout pou ale Etazini an.

Etazini dwe kanpe imedyatman sou itilizasyon ki pa apwopriye l ap fè ak politik Title 42 a, ki se yon politik sante piblik Etazini, pou mete moun deyò pou ale Ayiti ak lòt kote, daprè sa Human Rights Watch deklare. Done OIM yo montre, soti 19 septanm pou rive fen fevriye, genyen 6 pousan moun Etazini te rapatriye vin Ayiti yo ki se depòte epi yo te mete rès deyò sou baz Title 42 a, yon politik administrasyon ansyen Prezidan Donald Trump te aplike pandan pandemi Covid-19 la pou refize dwa pou mande azil nan peyi Etazini a pliyzè fanmi, timoun ak granmoun ki te rive sou fwontyè sid peyi a, epi se menm politik sa administrasyon Prezidan Biden nan te kontinye itilize. 11 mas pase a, Sant Kontwòl ak Prevansyon maladi peyi Etazni (CDC) te mete fen nan otorizasyon li te bay pou mete moun deyò sou baz Title 42 a nan sa ki konsène timoun ki pa akonpanye yo a.

Jeneralman Etazini pa bay moun li voye tounen an Ayiti yo opòtinite pou esprime laperèz yo genyen pou yo pa sibi pèsekisyon oswa vyolans oubyen opòtinite pou mande azil, sa ki se yon vyolasyon dwa entènasyonal yo. Jou ki te 4 mas la, Lakou Dapèl Etazini pou Distri Columbia te estime “nan yon pèspektiv sante piblik, sou baz dosye limite ki prezante devan nou, li pa twò klè pou di si lòd CDC a ap sèvi pou atenn yon objektif kèlkonk,” lè nou refere nou a lòd CDC te bay an mas 2020 pou aplike Title 42. Nan yon desizyon ki ta dwe kòmanse aplike an avril, lakou a òdone administrasyon Biden nan pou li kanpe sou itilizasyon Title 42 a pou rapidman mete deyò fanmi ki gen timoun nan peyi kote yo pral sibi zak pèsekisyon oswa maspinay.

Ajans Nasyonzini ak Biwo Nasyonal Migrasyon, ki te pote asistans bay moun ki retounen yo nan ayopò a, asistans tankou lajan kach, manje ak pwodui ijyèn men yo pa gade sitiyasyon moun yo aprè yo fin depoze yo nan yon estasyon bis oswa nan otèl, daprè deklarasyon dirijan Nasyonzini ak otorite ayisyen yo fè bay Human Rights Watch.

Geyen yon ankèt pèsonèl OIM yo te reyalize avèk 383 moun ki te tounen, se moun yo te kapab kontakte nan telefòn an janvye ak fevriye ki montre gen 69 pousan ladan yo ki pa t santi yo an sekirite an Ayiti. Pami moun ki te entèwoje yo, gen 84 pousan ki te vle kite peyi a ankò akoz kriz ekonomik ak sekiritè a.

Anplis yo dwe kanpe sou depòtasyon yo, gouvènman etranje yo dwe travay ak otorite ayisyen yo, ajans Nasyonzini ak donatè yo pou kreye yon pwogram global pou entegrasyon moun ki deja retounen yo, deklarasyon Human Rights Watch. Pwogram nan dwe panche sou bezwen moun ki retounen yo genyen tankou travay, sekirite ak reyinifikasyon familyal, sèvis pou moun ki sibi vyolans, tankou aksè pou jwenn mwayen kontrasepsyon an ijans, epi sipòte timoun yo sou baz evalyasyon sou sa ki pi enpòtan pou timoun yo. Genyen yon reprezantan OIM ki te di Human Rights Watch nan dat 3 mas la, yo te konsevwa yon pwogram reyentegrasyon epi y ap chèche sipò donatè yo pou kòmanse aplike pwogram nan.

“Y ap voye ayisyen ak pitit yo, ki anpil nan yo fèt aletranje, tounen nan yon peyi ki nan yon sitiyasyon kawotik,” Muñoz fè konnen. “Gouvènman etranje yo dwe kanpe sou tout depòtasyon yo epi yo dwe monte yon pwogram reyentegrasyon, nan tèt kole ak otorite ayisyen yo, pou voye je sou moun ki tounen yo, ede yo genyen aksè a sèvis debaz yo, pote asistans bay pitit yo epi entèvni si lavi yo an danje.”

Rezime Konklizyon Human Rights Watch yo

Peyi nan rejyon an, pi patikilyèman Etazini, kontinye voye plizyè milye moun tounen an Ayiti, pami yo timoun ki fèt aletranje, malgre kondisyon katastwofik ki genyen nan peyi a. Nan pwochen seksyon an, n ap prezante done sou moun yo mete deyò epi depòte pou ale an Ayiti, epi tou prezante yon deskripsyon sou kondisyon detansyon yo nan enfrastrikti ki genyen sou fwontyè Etazini yo.

Human Rights Watch fè yon deskripsyon detaye sou kriz grav e k ap ogmante pi plis ki fè li paadmisib pou voye moun nan yon peyi ki klèman danjere. Gang vyolan k ap kontwole epi teworize totalman kèk katye, patikilyèman ki anviwonnen Pòtoprens; enstitisyon demokratik yo efondre; sistèm jidisyè a pa kapab rann jistis; epi enpinite ap vale tèren. Kriz sekiritè, politik ak jidisyè yo agrave yon sitiyasyon imanitè ki te deja trè difisil.

Detansyon ak Mete moun deyò oswa Depòtasyon pou ale an Ayiti

Soti premye janvye 2021 pou rive 26 fevriye 2022, genyen 25,765 moun yo te voye tounen an Ayiti nan avyon oswa bato, pami yo genyen 4 674 timoun, daprè OIM. An total, genyen 18 pousan moun ki te retounen yo ki se timoun, menm si pousantaj sa te ogmante soti 16 pousan an 2021 pou rive 25 pousan nan premye mwa ane 2022 yo.

Done OIM yo montre soti janvye 2021 pou rive nan fen fevriye 2022, genyen 1,142 moun yo te voye tounen sou bato: Gad Kòt ameriken te kenbe 794 sou lanmè a epi voye yo tounen, Kiba te voye 348 ayisyen tounen sou bato aprè yo te fin rive sou teritwa li a sou bato.

Yo te voye majorite moun yo tounen depi septanm 2021, lè Etazini te kòmanse depòte moun ale an Ayiti apati Del Rio, Texas. Etazini te voye 20,309 moun tounen — ki reprezante 79 pousan tout depòtasyon yo—pami yo 5004 timoun. Etazini pa voye timoun ki pa akonpanye tounen nan avyon an Ayiti, men pou pi piti Gad Kòt ameriken te kenbe de (2) timoun epi voye yo tounen, daprè OIM. Pou pi piti genyen 10 lòt timoun ki pa t akonpanye Kiba ak Bahamas te voye tounen.

Soti 19 septanm 2021 pou rive 14 fevriye 2022, Etazini te voye tounen preske 2 300 timoun ki te fèt aletranje ki genyen paran ayisyen, daprè OIM. Pami yo, anviwon 1 600 te fèt Chile; preske 580 nan peyi Brezil, epi preske 140 nan lòt peyi, pami yo Bahamas, Ajantin, Meksik ak Venezuela.

Pifò ayisyen Etazini te voye tounen an Ayiti te kite peyi yo sa fè plizyè ane, pou kouri pou vyolans, mank opòtinite ekonomik, oswa konsekans tranblemantè 2010 la ki te fè gwo dega, daprè OIM ak moun ki te tounen ki te pale ak Human Rights Watch. Pifò t ap viv Chili oswa Brezil. Yo di yo te kite peyi sa yo akoz diskriminasyon, ralantisman ekonomik ki gen rapò ak Covid-19 ak difikilte, nan peyi Chili, pou genyen dokiman legal. Lè yo konnen kriz ekonomik ak sekiritè ki genyen an Ayiti, yo di OIM ak Human Rights Watch, yo deside mete tèt yo nan direksyon Etazini, kote yo te travèse emisfè a nan bis epi a pye.

Ayisyen ki nan detansyon sou fwontyè Etazini—yo te mete deyò aprè sou baz Title 42— rapòte kondisyon difisil tankou manje ki pa sifi, mank aksè a douch oswa pwodui ijyèn pandan plizyè semenn, ak mank swen sante, menm pou timoun ki gravman afebli akoz vwayaj yo te fè atravè emisfè a, daprè sa ajans Nasyonzini ak moun yo te entèwoje yo te di Human Rights Watch.

Pèsonèl OIM nan Pòtoprens te di Human Rights Watch yo te oblije fè tretman pou kèk timoun ki te rive pou pwoblèm dezidratasyon. Genyen kèk nan moun ki te tounen yo ki fè konnen ajan fwontalye ameriken yo te pran rad, telefòn, lajan kach ak dokiman pèsonèl yo, epi yo te resevwa kèk nan yo men pa tout bagay yo te posede lè yo rive an Ayiti.

Genyen yon fanmi ki te di Human Rights Watch genyen ajan ameriken ki te chire dokiman pèsonèl yo devan yo, pami yo Ak Nesans Chilyen timoun yo.

OIM ak Human Rights Watch te resevwa temwayaj ki fè konnen genyen koup ki separe epi ki twouve yo nan diferan sant detansyon ki sou fwontyè a, epi yo pa resevwa enfòmasyon sou sitiyasyon youn lòt.

Moun yo te mete deyò Texas —men ki pa soti nan lòt eta—te anchene nan avyon an, daprè sa moun ki tounen yo ak reprezantan OIM yo di Human Rights Watch. Dirijan ayisyen yo te retire chenn yo lè yo rive an Ayiti.

Vyolasyon Dwa Entènasyonal ak Nasyonal Otorite ameriken yo komèt

Lwa ameriken ak dwa entènasyonal sou refifye ak dwa moun egzije otorite yo pou yo egzamine dosye chak moun k ap mande azil pou asire yo, moun y ap voye tounen yo p ap espoze ak zak maspinay oswa pèsekisyon oswa kote lavi yo oubyen libète yo ap menase kote sa. Human Rights Watch te entèwoje nèf (9) moun yo te voye tounen nan ayopò Pòtoprens lè yo rive, se Etazini ki te voye yo tounen sou baz Title 42. Yo tout di yo pa te analize dosye yo sou pwen sa.

Gen yon moun ki di yon ajan, ki nan sant detansyon kote yo te ye a Etazini, li te vle mande azil, epi ajan reponn: “ Isi a, ou pa genyen okenn dwa.”

OIM te resevwa lòt temwayaj konsa, ki montre otorite ameriken yo pa t kite ayisyen ki nan detansyon yo mande azil oswa rele yon avoka oubyen konsila ayisyen an, daprè yon rezime Human Rights Watch te analize. Genyen kèk nan moun yo te retounen yo ki di pèsonèl OIM ak Human Rights Watch dirijan ameriken yo te mete yo nan avyon san yo pa di yo kote y ap mennen yo.

Yo pa t resevwa okenn avètisman pou di yo se Ayiti yo prale.

Administrasyon Biden nan konnen li ap voye ayisyen nan yon peyi ki pa gen sekirite. An me 2021, Depatman Sekirite Enteryè te re-deziyen Ayiti pou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) “akoz kondisyon estrawòdinè ak tanporè an Ayiti ki anpeche sitwayen peyi a tounen nan tout sekirite.” Menm si TPS la aplike nan kad lalwa pou ayisyen ki te deja nan peyi a nan moman deziyasyon an, lojik ak rezon ki dèyè deziyasyon sa baze sou kondisyon ki genyen an Ayiti ki anpeche sitwayen ayisyen tounen nan tout sekirite pou tan estati tanporè a ap dire.

Si Ayiti twò danjere pou ayisyen ki te Etazini nan moman yo t ap deziyen Ayiti pou TPS la, se menm danje a li reprezante pou Ayisyen ki antre Etazini aprè deziyasyon Ayiti nan pwogram nan. Genyen avètisman anbasad ameriken ki gen nivo 4, nivo ki pi grav la, ki te antre an aplikasyon pou Ayiti depi mwa Dawout 2021. Avètisman an di: “Pa vwayaje an Ayiti akoz kidnapin, krim, twoub sosyal ak Covid-19.”

Plizyè dirijan ak ajans ameriken te esprime gwo preyokipasyon konsènan politik Etazini ap aplike pou voye moun tounen an Ayiti. Nan mwa Dawout 2021, biwo dwa sivil ki nan Depatman Sekirite Enteryè te avèti sou “gwo ris” ki genyen pou voye moun tounen an Ayiti, sa ki vyole obligasyon Etazini genyen pou pwoteje dwa moun nan kad dwa entènasyonal ak nasyonal yo akoz danje moun yo te fè fas nan peyi a.

An septanm 2021, Daniel Foote, ki se anwaye spesyal pou Ayiti, te demisyone, pou denonse “desizyon ki pa kadre ak dwa moun e ki defavorab lè li chwazi depòte plizyè milye refijye ayisyen ak migran ilegal pou vini Ayiti.”

Pendan li t ap kite pòs li an oktòb 2021, Harold Koh, ki t ap konseye biwo zafè jiridik nan Depatman Deta, kalifye itilizasyon Title 42 a kòm yon zak ki “kontrè ak dwa moun” epi “pa mete deyò oswa voye tounen moun ki krenn pèsekisyon, lanmò oswa zak maspinay, espesyalman migran k ap kouri kite Ayiti yo.”

An septanm 2021, OIM, Ajans Nasyonzini pou Refijye (UNCHR), Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF) ak Biwo Nasyonzini pou Dwa Moun (OHCHR), te deklare peyi yo dwe kanpe sou mete ayisyen deyò san yo pa reyalize bon jan evalyasyon sou bezwen pwoteksyon chak moun genyen, fè respekte dwa fondamantal yo genyen, epi ofri mekanis pwoteksyon oswa bay yo aksè a chemen pou yon imigrasyon regilye.

Espè Nasyonzini k ap travay sou dwa moun te avèti, nan mwa k ap vini yo, pou di “depòtasyon sistematik epi an mas” epi “mete moun deyò an gwoup.” Etazini ap fè pou voye Ayiti pa sèlman vyole dwa entènasyonal la, men “kontinye ak yon istwa esklizyon sou baz rasyal k ap fèt kont migran ak refijye ayisyen ki twouve yo nan pòt antre Etazini.”

Vyolans Jeneralize Gang yo

Gang yo gravman deranje aktivite ekonomik lan atravè tout peyi Dayiti soti mitan mwa oktòb ak mitan mwa novanm kote yo bloke apwovizyonnman gaz soti nan pò nan kapital la, sa ki afekte lopital, distribisyon dlo, kominikasyon, ranmase fatra ak asistans imanitè, selon sa travayè lasante ak reprezantan Nasyonzini te di ki te sibi yon tranblemantè ki te fè gwo dega nan mwa Dawout 2021. Nan ka sa yo rive “separe” kat (4) pwovens ki nan sid peyi ak tout rès peyi a, daprè sa Minis Jistis Berto Dorce te di Human Rights Watch an desanm. rapòte. Nan kèk “zòn non dwa”, pa genyen prezans gouvènman an, selon sa ajans.

Sitiyasyon sekiritè a an Ayiti deteryore yon fason ki grav anpil nan dènye ane sa yo, kote gang vyolan ap ranfòse nan tout peyi a. Gang yo kontwole zòn estratejik nan rejyon metwopoliten Pòtoprens, yo rele souvan “zòn wouj” oswa “zòn non dwa”an Ayiti, ki pasyèlman ansèkle kapital la. Kontwòle zòn lanmè Pòtoprens pèmèt gang yo resevwa zam sou lanmè, deklarasyon yon reprezantan sosyete sivil la.

Gang yo toujou kapab bloke prensipal wout pou fè apwovizyonnman yo ak tèminal gaz yo “jan yo vle”, daprè avètisman ajans Nasyonzini yo te bay nan mwa fevriye. Gang yo kontwole de (2) wout ki konekte kapital la ak Repiblik Dominiken, a lès, epi penensil sid peyi Dayiti, ki ap avanse nan direksyon lwès Pòtoprens,

Genyen preske 1.1 milyon moun k ap viv nan “zòn non dwa” yo twouve yo anba volonte gang yo. Nan batay y ap mennen ak lòt gang pou kontwòl katye yo, moun ki gen zam yo atake bis epi itilize moun ki konn tire byen (esnaypè) pou tire sou sivil san distenksyon, daprè sa ajans.

Nasyonzini, òganis non-gouvènmantal ak travayè lasante yo te di Human Rights Watch—pa gen lekòl, pa gen polisye, ni sèvis sante, menm lè ta gen ijans. Lapolis fè konnen genyen 1,615 moun ki mouri ak 655 kidnapin ki fèt an 2021 nan peyi a, men sosye sivil la ak reprezantan Nasyonzini yo te di gen anpil krim ki pa parèt nan rapò k ap bay yo.

Komisyon Episkopal Jistis ak Lapè, ki se yon òganizasyon non-gouvènmantal, fè konnen li te dokimante 659 moun ki mouri an 2021, nan rejyon metwopoliten Pòtoprens pou kont li, chif sa pa konsène zòn non dwa yo, kote yo pa kapab antre pou konte.

Genyen preske 19,000 moun ki te kouri kite lakay yo akoz vyolans nan katye sa yo, daprè sa OIM te di Human Rights Watch, epi genyen k ap viv kounya nan kan enpwovize lòt kote nan vil la. Genyen kèk kan ki twouve yo zòn kote yo an danje, kote ajans Nasyonzini yo pa kapab pote asistans bay yo, daprè sa reprezantan OIM nan deklare.

(CARDH), ki se yon lòt òganizasyon non-gouvènmantal, te rive fè yon lis 949 kidnapin ki te fèt nan peyi a an 2021—ki te konte sèlman ka ki prezante nan medya oswa sa yo rapòte bay òganizasyon an dirèkteman. Pami moun ki sible nan kidnapin yo pou egzije yo ranson, se pa sèlman moun ki rich men se pratikman nenpòt moun. Yo regilyèman vyole fanm yo kidnape yo, daprè sous nan Nasyonzini epi ki nan sektè sante a.

Gang yo ta itilize vyolans seksyèl pou teworize epi kontwole katye yo, epi abize gason yo seksyèlman kòm yon rityèl inisyasyon, daprè sa ajans Nasyonzini yo te deklare. Genyen plis pase 20 pousan tifi ak tigason nan peyi a ki te viktim vyolans seksyèl, daprè sa Biwo Wo Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun (OHCHR) rapòte.

Viktim yo souvan pè denonse krim yo bay otorite yo, paske yo sispèk gen koneksyon ant gang yo ak lapolis. Enspektè Jeneral Polis la ki se Fritz Saint Fort, ki la pou sipèvize ankèt disiplinè yo, di Human Rights watch genyen kèk ajan k ap travay kòm entèmedyè ant trafikan zam ak gang yo, pandan genyen lòt ki se enfòmatè pou gang yo. “Yo vrèman danjere.”

Yo sikile enfòmasyon sou operasyon lapolis la bay gang yo” selon sa li fè konnen. Genyen plizyè dirijan ki dekri koneksyon ki genyen ant gang ak politisyen. Renan Hédouville, ki se direktè Ofis Pwotektè Sitwayen, te deklare: “Gang yo kapab fè sa yo vle, paske yo pwoteje.”

Robert Sanders, ki se konseye politik anbasad ameriken nan Pòtoprens, te deklare, “Gang yo jwenn finansman politisyen pou atenn objektif komèsyal ak politik.” 

OHCHR te deklare gouvènman ayisyen dwe atake moun k ap “pwoteje gang ame yo politikman.”

Efondreman Enstitisyon Demokratik yo

Moïse te refize òganize eleksyon lejislatif yo an 2020, lè manda de tyè (2/3) nan 30 senatè yo te espire. 10 senatè manda yo poko espire se sèl dirijan ki okipe pòs elektif an Ayiti pou kounya. Efondreman gradyèl enstitisyon yo fè Ayiti rete san yon dirijan ki soti nan eleksyon. Peyi a pa genyen yon palman fonksyonèl, paske ansyen Prezidan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a te soti yon desizyon Moïse te fini nan menm jou sa, aprè konklizyon li te fè pou di manda li te kòmanse an 2016, aprè li te fin genyen eleksyon yo nan ane 2015. Moïse te refize koube li anba desizyon an. Kòm agiman li te fè konnen, akoz akizasyon fwod elektoral ki te mennen nan yon dezyèm vòt sou plan nasyonal an 2016, li te ranpòte yo li menm tou, manda li te kòmanse jis an 2017 epi t ap pran fen an fevriye 2022.

Premye Minis Henry pa t resevwa apwobasyon palman an jan Konstitisyon an egzije sa avan yo nonme li. “Nou deyò Konstitisyon an,” se sa Premye Minis Henry te di Human Rights Watch an desanm.

Nan mwa septanm, Komisè Gouvènman an, Bedford Claude te akize Premye Minis Henry ki ta genyen kontak nan telefòn avèk youn nan prensipal sispèk yo akize ki ta òganize asasina ansyen Prezidan Moise, kèk èdtan aprè asasina a. Claude te mande yon jij pou li apwouve akizasyon ki te fèt kont Premye Minis Henry yo ki gen relasyon ak asasina a.

Premye Minis Henry, ki te nye tout akizasyon sa yo, te revoke Claude. Te genyen yon ankèt New York Times ki te fè konnen sispèk la te rankontre avèk Premye Minis Henry de (2) fwa nan rezidans premye minis lan aprè asasina a pandan lapolis t ap chèche sispèk la. Pa gen okenn desizyon lajistis ki te pran konsènan demann apwobasyon Claude te fè pou mete an akizasyon Premye Minis la.

Menm aprè dat ansyen prezidan Prezidan Moïse te di pwòp manda li a t ap fini a, Premye Minis Henry—ki te jwenn nominasyon nan men prezidan Moïse, men ki pa t eli, kontinye ap dirije gouvenman an.

Atik konplè

Previous
Previous

Deklarasyon KNT

Next
Next

Kriz anviwonmantal ak Dwa dlo an Ayiti