Kriz anviwonmantal ak Dwa dlo an Ayiti

Tankou tout lòt pwodwi, enflasyon ki tabli an Ayiti a touche dlo a tou. Leta ayisyen pa rive kontwole ni pri ni kalite dlo popilasyon an ap itilize. Pandan se tan degradasyon anviwònman an febli rezèv dlo a.

Se apati deklasyon Stockholm kapital peyi la Swèd, nan lane 1972 konsyans mondyal sou pwoblematik anviwonmantal yo koumanse jwenn yon plas enpòtan nan opinyon piblik mondyal la. Pou sèten ekspè se apati moman sa òganizasyon sosyete sivil ak gouvèmman yo tonbe dakò sou kalte pwoblèm transnasyonal aleya klimatik yo. Inanimman, syantifik yo rekonèt moun kòm èt vivan se prensipal responsab dega anviwomantal yo akoz rapò sovaj yo devlope ak planèt tè a. Akoz se moun apati dekouvèt yo ki rive kreye yon ansanm byen ak sèvis apati resous ki soti nan tè a. San dout ki patisipe nan transfòme ak fasilite lavi moun. 

Sepandan, sistèm politik ek ekonomik dominan (kapitalis) rive transfòme moun an yon veritab machin konsomasyon ki inyore enpak ekolojik yo. Batay ki ekziste depi revolisyon endistriyèl ant puisans oksidantal yo pou kontwole ekonomi mondyal la, lage mond lan nan konkirans san parèy pou devlopman. Yon demach ki ranfòse endistriyalizasyon peyi nò yo. Kòm mond lan ap bouje, sèten peyi sid rive transfòme an peyi emèjan, pou sa yo adopte lojik dominan. 

Kous pou endistriyalizasyon sila pèmèt yon veritab presyon san parèy sou resous natirèl yo. 

Devlopman endistri fosil yo ak yon seri gwo enstri rive pwodui gaz ak efèdesè, ki kontribye nan destriksyon kouch dozo’n nan epi fonn yon ansanm montay glas nan oseyan yo ki detwi ekosistèm maren mondyal la. 

Se vre Ayiti pa figire pami peyi ki pwodwi plis gaz GES akoz fèb nivo devlopman endistriyèl. Sepandan, rapò sovaj Leta Ayisyen ak popilasyon an rive devlope ak teritwa atravè absans plan ibanis, debwazman, esplwatasyon sovaj min karyè yo, konstriksyon anachik, absans plan jesyon dechè mete sou fenomèn mondyal rechofman klimatik la trennen dèyè li pa epanye Ayiti. Reyalite sa atake resous dlo dous anba tè ak nan sifas ki disponib yo. 

Kanal yo sèk nan Gasset, Latibonit. Tè pousyè sa a te konn se yon jaden diri.

Se apati lane 1993 Oganizasyon Nasyonzini adopte 22 mas jounen entènasyonal dwa dlo. Desizyon sa a vize sansibilize popilasyon mondyal la sou kouman gen nesesite pou byen jere resous dlo ki disponib sou planèt la, yon fason pou pwojete yo kont tout evantyèl mankman dlo. Sansiblite sa jwenn jistifikasyon l parapò ak 2 milya moun sou planèt la ki pa genyen aksè ak dlo pwòp. Appati desizyon sa, LONI vle angaje pou adrese pwoblèm sa. Anplis jounen mondyal la vize pouswiv patikilyèman reyalizasyon Objektif Devlopman Dirab 6 (ODD6) apati 2030: aksè pou tout moun jwenn Dlo ak asenisman.


Dwa dlo kise prewogativ sitwayen-èn peyi d’Ayiti genyen pou jwenn dlo pwòp ki aksesib epi disponib an kantite sifizan tounen yon gwo defi. Gen plizyè eleman ki alabaz pwoblèm sa: dabò, esplwatasyon sovaj teritwa san okenn plan ibanis ak zonaj, answit debwazman aksele ki fèt soti apre lendepandans pou rive jounen jodi a. Anfen, absans politik piblik anviwonmantal. Dènye koz la nan yon rapò alevini ak pwoblematik dlo a, paske li fè pati ekosistèm nan. 

Inefikasite entèvansyon leta yo nan nivo dlo potab lage fanmi yo nan obligasyon pou se yo degaje yo pou jwenn dlo. Akoz feblès DINEPA, ki ap fonksyone majoritèman ak finansman bayè entènasyonal ak ONG pou pote dlo nan wobinè fanmi yo, se patikilye yo ki komèsyalize sektè dlo potab la. Pa ekzanp, nan plèn kildesak nan zòn metropolitèn nan se patikilye ki gen kamyon ki asire dlo rive nan kominote yo, swa pou bwè ak pou fè lòt aktivite domestik. 

Tankou tout lòt pwodwi, enflasyon ki tabli an Ayiti a touche dlo a tou. Leta ayisyen pa rive kontwole ni pri ni kalite dlo popilasyon an ap itilize. Aktyèlman, gen katye nan zòn metwopolitèn pòtoprens bokit dlo basen koute 25 goud, 3 pou 60 goud epi bokit dlo tiyo koute 10 goud, 3 pou 25 goud. Pa gen kontwòl kalite kòrèk ki fèt kote Leta pou asire popilasyon an bon kalite dlo sitwayen-èn yo ap itilize: bwè oubyen lòt tach domestik. Sitiyasyon sa pa diferan pou dlo moun bwè: ti galon dlo trete a koute 10 goud, gwo galon an 50 goud. Nan milye mwayen yo, gwo galon konn depase 150 goud. Sitiyasyon sa a se prèv an Ayiti n ap viv privatizasyon dlo a andousè.  

Nan katye solino; yon fanmi ki genyen ant 5-6 moun depanse ant 100 ak 125 goud chak jou nan achte dlo. Fanmi yo ap depanse kantite lajan sa a san yo pa gen pyès garanti sou kalite dlo a. Selon doktè Roudolphe Malebranche, ansyen Minis Sante Piblik peyi d’Ayiti esplike “ gen yon gwo kantite plon nan dlo moun ap konsome nan zòn metwopolitèn nan, ki 4-5 pi wo pase Etazini”. Selon doktè a, pwoblèm kontwòl kalite dlo a santral, li trenen dèyèl konplikasyon sante lakay konsomatè yo tankou tansyon ateryèl . San konte, polisyon pwen dlo nan sifas yo ak freyatik la. 

Kriz gouvènans mete ak absans politik piblik anviwonmantal se 2 prensipal obstak ki anpeche dwa dlo rive efektif an Ayiti. Reyalite sa rann avni Ayiti pi frajil fas ak aleya klimatik yo kise rezilta modèl ekonomi dominan nan mond lan. Modèl sa chita sou akimilasyon kapital ki pase atravè esplwatasyon san kontwòl resous ki disponib yo. Epi li transfòme yo tankou yon machin konsomasyon. Nan sans sa a, pou dwa dlo tounen reyalite gen nesesite pou chanje oryantasyon nan fason dirijan yo ap jere peyi a anjeneral, sitou yon bon prizanchaj anviwonman an. 


Konbit Jounalis Lib KJL




Previous
Previous

Ayisyen yo ap Tounen nan yon Peyi ki nan yon sitiyasyon Kawotik

Next
Next

Survivors Speak Out