Diskriminasyon pozitif -

Yon zouti pou limite patisipasyon fanm yo nan sosyete a.

"Tout moun fèt lib epi egal nan diyite ak dwa; chak moun gen tout dwa ak libète, san okenn distenksyon ras, koulè, sèks, lang, relijyon, opinyon politik oswa nenpòt lòt nati, orijin nasyonal oswa sosyal, pozisyon ekonomik, nesans oswa nenpòt lòt kondisyon. "- Deklarasyon Inivèsèl sou Dwa Moun; atik 1 ak 2.

Selon deklarasyon sa a, tout moun dwe gen menm dwa, fanm pa ta dwe ret sou kote oubyen diminye nan valè l kòm moun jis paske l se fanm. Men, malgre tout batay fanm yo mennen pou chanje kondisyon lavi yo nan sosyete a ak nan politik, diskriminasyon pa sispann. Menm manman lwa peyi a pa epanye nan diskriminasyon k ap fèt sou medam yo. Fanm ki reprezante 52% nan popilasyon ayisyen an, Konstitisyon an nan amandman l egzije  30% patisipasyon nan atik 17.1 an. Avan se te yon dekrè ki te soti nan lane 1991 ki te vin kreye ministè kondisyon fanm yo, ki ta pral vote nan palman an nan lane 2012. Depi aprè pa janm gen okenn avanse ki fèt bò kote kondisyon lavi fanm yo vrèman. yon desizyon ki kreye anpil(kota 30%) pale anpil sou egalite fanm pa rapò ak gason, sa nou vin rele diskriminasyon pozitif la.

Kisa nou konprann sou diskriminasyon pozitif?

Diskriminasyon pozitif  fè referans ak aksyon ki vize pou diminye pratik diskriminatwa kont yon sektè , ki kiltirèlman nan tout listwa yo te ekskli oubyen konsidere kòm yon èt ki vilnerab. Egzanp yon moun ki gen yon andikap fizik oswa mantal oubyen, fanm, ki akòz enfliyans nan kilti jwif-kretyen yo ak patriyakal, yo te mete yo nan kategori moun ki pa gen dwa. Tout bagay sa yo vin pi grav  akòz  kesyon sèks, fanm lan tou fèt nan kondisyon pou l soufri paske senpman li se fanm.

Diskriminasyon pozitif tradwi nan lejislasyon espesifik ki fèt pou egalize opòtinite travay, egzèsis dwa demokratik, patisipasyon nan enstitisyon Leta yo ak kò gouvènman an, epi aksè nan edikasyon. Pou tout bagay sa yo, anpil ane nan mobilizasyon ak demann sosyal yo te nesesè.

Si nou pran kòm egzanp lwa pou pwoteksyon fanm nan ka vyolans ant sèks, ki favorize edikasyon melanje oswa ki pa segregasyon, pa sèks, èd finansye oswa  taks, pami lòt mezi. Nan kèk peyi devlope,malgre  rezilta diskriminasyon pozitif la te  efikas anpil, men sa pat anpeche fanm yo te kontinye batay pou jwenn plas yo sou mache travay la ak rès sosyete a.

Kisa diskriminasyon pozitif pwodwi?

Moun ki fè pwogrè yo te fè yo nan lòd respè reyalite ki chita sou ekite . Nan kèk peyi ki pale lang panyòl, yo rive kreye sa yo rele parite ant gason ak fanm , epi ankouraje fanm nan anviwònman politik la.

Bò kote pa nou an Ayiti, menm si gen gwo pa ki fèt nan lit fanm yo, chemen an long toujou. Sa vle di gen anpil travay ki rete pou fèt. Se vre medam yo prezan nan anpil sektè nan sosyete a men yo pa vrèman prezan nan espas desizyon yo tankou Palman, gouvènman ak lòt espas kote desizyon pou devlopman politik peyi a sipoze pran. Reyalite a montre, menm anndan òganizasyon fanm yo ta dwe travay plis pou ranfòse patisipasyon medam yo tout bon vre nan direksyon yo. Se vre, fanm yo prezan nan rankont yo ak mobilizasyon sosyal yo, men yo pa patisipe nan desizyon final sou politik peyi a ak sa ki gen pou wè ak devlopman l. Leta pa fè okenn jefò nan travay pou ranfòse lidèchip fanm yo pou opinyon yo ka pase tout kote. Se yon priyorite,paske patisipasyon fanm yo se yon fòs ki ka fasilite  devlopman dirab nan sosyete a.

Fanm sibi plis diskriminasyon ak vyolans mete sou difikilte pou jwenn travay ak obstak pou patisipe nan politik. Gen plis gason nan espas pouvwa ak desizyon nan espas piblik yo paske nan sosyete a, toujou gen yon  diskou ki ta vle fè kwè politik se afè gason. Menmsi fanm yo reprezante 52% nan popilasyon an, konstriksyon sosyete a montre siperyorite gason pa rapò ak fanm. Depi lane 1934, fanm peyi Ayiti ap goumen pou ekzèse dwa sivil ak politik yo, men sa pa janm fasil. Pa twò lontan, Palman ayisyen an te rive vote yon atik nan amandman Konstitisyon an ki mande yon kota 30% fanm nan tout espas lavi nasyonal la, annatandan aplikasyon prensip egalite fanm ak gason. Yon desizyon diskriminatwa kont fanm yo. Poukisa se 30% patisipasyon fanm genyen nan lavi nasyonal la?  Èske yo pa travay pou yo merite plis? Egalite fanm ak gason nan lavi nasyonal la dwe yon ijans nan amandman Konstitisyon an, fanm yo pa dwe gen limit,yo dwe jwi dwa sosyal ak politik yo tankou tout moun.

Gen òganizasyon ki senpman mize sou egalite ant sèks. Antite sa yo ankouraje egalite ant gason ak fanm pandan y ap defann dwa fanm yo. Yo toujou ap devlope pwopozisyon politik itil pou reyalize ekite, konsa favorize fanm yo prezan epi patisipe nan tout sektè nan sosyete a. Apre sa, li entèresan pou raple evènman ki pi enpòtan yo ki gen rapò ak dwa fanm nan egalite ak ekite. Plizyè gwo mobilizasyon te fèt, te gen yon mobilizasyon san parèy nan lane 1993 pou mande yon Konferans Mondyal sou Dwa Moun  ki te pran yon pozisyon an favè dwa yo e ki te mennen  kreyasyon Atik 18; "Dwa moun, fanm ak tifi se yon pati "inalienable" e ki pa ka divize nan dwa inivèsèl moun. Patisipasyon konplè, anba kondisyon egalite, fanm nan lavi politik, sivil, ekonomik, sosyal ak kiltirèl, san konte eliminasyon tout fòm diskriminasyon ki baze sou sèks yo se youn nan objektif ak priyorite nan kominote entènasyonal la ". Nan ki nivo Ayiti ye li menm pa rapò ak atik sila a?

Pandan anpil peyi ap travay pou egalite sou koze ekite ant fanm ak gason,isit, menm 30% kota a pa respekte. Nan chak bwat Leta pa gen 30% fanm k ap travay vre sou 100% moun ki gen nan espas sa yo. E menm lè y ap fòme yon gouvènman pa gen 30% fanm nan kabinè yo. Sa ki ta montre klè Palman an ki te vote atik manman lwa peyi a nou te site piwo a, se te jis  yon makiyaj, yon mannyè pou fè moun dòmi. Kolektif Oganizasyon Fanm Siyatè akò 11 septanm lan ki se manm Konsèy Nasyonal Sosyete sivil ayisyen an denonse Premye minis aktyèl la ki fenk fòme yon gouvènman ki gen pou pi piti  15% fanm ladan. Òganizasyon sa ki denonse konpòtman matchis Premye Minis Ariel Henry ki monte yon gouvènman ki pa respekte dispozisyon konstitisyonèl kota pi piti 30% fanm lan. Se yon majinalizasyon politik respè 30% kota fanm yo. 

Nan yon sosyete patriyakal miwo miba kote koripsyon ap vale tèren, li difisil pou fanm emansipe nan tout dimansyon l, jwi tout dwa l tankou tout moun. Nan sans sa, Fanm yo dwe fè plis jefò nan batay kont diskriminasyon sou tout fòm y ap sibi jounen jodi a nan sosyete a. Nan lane 2021, kote anpil fanm al lekòl, fè gwo etid, yo pa ka toujou limite oubyen ap tann favè 30% majinalize nan men Leta, dwe gen gwo konba pou parite fanm ak gason nan milye travay yo, nan desizyon etatik yo, nan pati politik yo. Se yon dwa tout fanm genyen, paske senpman yo se moun.



Previous
Previous

A Haitian-led Solution Moves Forward

Next
Next

Eske Akò Montana a bloke?