Eske Akò Montana a bloke?

Nan misyon li, Biwo Swivi Akò 30 Dawout la (Akò Montana)  gen pou mete kanpe divès ògàn pou jere tranzisyon an. Youn nan ògàn sila yo, Konsèy Nasyonal Tranzisyon an (KNT) toujou poko fin konplè.

Konsèy Nasyonal Tranzisyon an manke moun. Prèske mwatye nan moun ki pou fè pati li yo poko la. 

Gen twa eleman ki eksplike reta sila a. Dabò, gen gwoup politik ki poko fin boukle pwosesis konsètasyon pou voye moun nan KNT a. Se ka, pa egzanp, ASO (Altènativ Sosyalis) ak PPRN. De estrikti sa yo ap met ansanm pou chwazi youn grenn reprezantan. 

Gen ka tou kote reprezantan yo poko fin ramase tout pyès Biwo Swivi Akò a egzije nan  men delege yo. Pami pyès sa yo pa egzanp, delege a dwe pote prèv li peye Leta Enpo li kòmsadwa (deklarasyon enpo). 

Genyen yon twazyèm pati eksplikasyon ki sòti nan gwoup kòm sektè demokratik ak Popilè(sdp) , Pitit Desalin, Pwotokòl Antant Nasyonal (Pen) , Anfòs-Mola, Unir-Lòd demokratik, MTVAyiti ki te dwe voye reprezantan yo men ki vin ekate Akò Montana a pandan yon tan. Plizyè nan estrikti politik sa yo t al rejwenn Ariel Henry nan Akò 11 septanm nan. 

Se konsa, olye Konsèy Nasyonal Tranzisyon an gen 52 delege jan sa te prevwa anvan an, li ap kòmanse travay otomatikman li gen 42 delege: 25 delege ap reprezante sektè politik ak Popilè a ;27 delege ap reprezante sektè Sosyete Sivil la ladan yo sektè patwon, atis ak atizan elatriye. 

Grafiti tou pre Kafou layewopò nan Pòtoprens 

Mekanis pou chwazi chak reprezantan yo te vle plis transparan posib. Se konsa, òganizasyon yo te avèti -menm devan laprès- pwosesis chwa yo. 

Youn nan delege sektè politik la nan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an (KNT) Delson Cius voye jete lide kòmkwa Akò Montana a ta bloke nan wout. 

Pa kont, li fè konnen (Lòt Akò yo pi se plis). Yo pa pran an kont tout konpleksite kriz la. Paske kriz jodi a pa kòmanse ak rejim PHTK menm si se sou Phtk li fin MI nèt epi eklate. 

Moun yo dwe konprann pa gen okenn rezon pou nou prese nan chèche solisyon an dayè kriz nou ap viv jodi a genyen rasin jis nan peryòd lokipasyon ameriken, Men nou ta ka menm ale pi lwen toujou nan listwa nou, daprè reprezantan estrikti politik Antant Nasyonal pou yon tranzisyon koupe fache. 

Sosyològ la eksplike Akò Montana a enskri tèt li nan lide yon sajès popilè  ki di : "Pito w mize nan wout men w pote bon nouvèl". 

Kowòdonatè Mouvman Ayiti Kanpe a (MAK) fè konnen :  okenn gouvènman p ap ka remanbre enstitisyon yo, ni rebay enstitisyon ki dwe okipe gwo fonksyon nan leta yo eskanp figi yo. Ni rebay dyaspora a konfyans, ni  reyapwopriye souvrènte peyi a ak kapasite pou rezoud kriz la. Si li menm li pa gen yon lejitimite lajman laj. 

Lòt akò yo reyalize pi vit paske se ak yon ti gwoup zwilit yo fèt. Men yo pa  gen sifizaman lejitimite pou rezoud kriz la. 

Biwo suivi akò Montana a te pibliye yon lis enkonplè ki gen ladan li 25 delege ki dwe reprezante divès sektè nan lavi nasyonal la nan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an. 

Nòmalman Konsèy Nasyonal Tranzisyon an ta sipoze genyen 52 manm. Men piske genyen yon dizèn pati politik : SDP, Pitit Desalin, pen, Anfos-Mola, Unir-lòd Demokratik ak lòt ankò ki abandone, li vin rete a 42.

Pwosesis  piblikasyon non sa yo,  rantre nan kad demach mekanis akò a prevwa pou asire li pa gen okenn plent ki fòmile kont delege yo... Se pou rezon sa a, Biwo Suivi a te bay yon delè 2 jou pou resevwa nenpòt tip plent posib kont manm ki deziyen nan konsèy Nasyonal Tranzisyon yo.

Pou ou yon delege vin travay nan konsèy Nasyonal Tranzisyon an, ou dwe Gen 30 an pou pi piti ; ou pa t dwe janm kondane pou gwo pèn nan lajistis epi ou dwe bay prèv pèman  senk an enpo;ou dwe genyen bon imaj ak bon repitasyon ki vle di ou dwe onèt ak kredib.

Delson Cius raple Konsèy Nasyonal Tranzisyon an dwe chwazi yon prezidan tranzisyon (fi oubyen gason) ak yon chèf gouvènman (fi oubyen gason) epi valide konsèy gouvènman an ak tout fèydewout la.

Annaprè, Konsèy Nasyonal Tranzisyon an pral ranfòse ak divès delege k ap sòti nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a epi transfòme tèt li kòm Ògàn Nasyonal Tranzisyon pou kontwole kijan tranzisyon an ap dewoule, si aktè yo respekte mo yo epi respekte sa ki di nan fèydewout la. 

Cliff Coulanges


tradiksyon anglè Akò Montana

Previous
Previous

Diskriminasyon pozitif -

Next
Next

Jistis Pou Charlot Jeudy