Jistis Pou Charlot Jeudy

Nan lide pou mande jistis pou Charlot Jeudy ki te asasine 25 novanm 2019 la, plizyè manb òganizasyon Kouraj Pou Dwa Moun te bay yon konferans pou laprès nan jounen jedi ki te 25 novanm 2021 an. 


Dezan aprè lanmò Charlot Jeudy - militan dwa moun, lidè mouvman LGBTQ+ an Ayiti, ansyen prezidan òganizasyon Kouraj - moun te sou plas nan jounen komemorasyon anivèsè lanmò sa a. Foto ekspoze, balèn limen nan sousi pou mande limyè fèt sou dosye sila a.


Fanmi, zanmi, kòlèg, kamarad toujou ap tann rezilta otopsi kadav la nan tout transparans epi pwofite mande jistis pou aktivis Charlot Jeudy nan sikonstans lan. Nan sans sa a, plizyè manb òganizasyon Kouraj te pran lapawòl, Hereta Estimhail prezidan òganizasyon an te pwofite pale sou wòl òganizasyon an nan sosyete a. Òganizasyon sa ki kreye nan lane 2011 pou defann dwa moun, patikilyèman moun LGBTQ+ yo oubyen kominote 5 M yo (Masisi, Madivin, Monkonpè, Makomè, Miks), misyon yo se wè pèsòn pa rive diskriminen pou oryantasyon seksyèl li. 


Moïse Corlingt Serge ki se responsab pledwaye Kouraj pat rete bouch fèmen,  li lonje dwèt li sou leta ayisyen,  gwoup avoka k ap defann dosye lanmò Charlot Jeudy a ki gen prelèvman pou otopsi e ki poko janm ka revele men ki lanmò Charlot Jeudy mouri. Sou menm lanse a, Mèus Stephenson ki se direktè egzekitif òganizasyon Kouraj, te mande jistis pou Charlot Jeudi, epi li te pwofite mande jistis pou tout moun k ap defann  dwa moun ki pase nan menm kondisyon ak Charlot Jeudy.

Previous
Previous

Eske Akò Montana a bloke?

Next
Next

Dlo tounen danre ra nan nan zòn metwopolitèn