Dlo tounen danre ra nan nan zòn metwopolitèn

Kriz gaz Ayiti pa komanse jodia. Depi 2018, kote administrasyon Moïse-Lafontant, sou demann Fon Monetè Entènasyonsyonal (FMI) te pran desizyon pou monte pri gaz la. Depi lè sa a, pwodui sa pa sispann okipe opinyon piblik nasyonal la. Yon desizyon kite lakoz pèp la leve kanpe epi bloke peyi a nan dat 6-7 jiyè 2018 pou esprime dezakò yo ak desizyon anti popilè sa a.

Malgre plizyè ane pase leta ayisyen pa rive devlope okenn strateji pou asire pwodui transvèsal sa disponib sou mache a. Sitiyasyon sa vin agrave ak fenomèn gansterizasyon peyi a, kote zòn metwopolitèn gen yon ansanm gwoup gang ki pran kontwòl li. San konte pwoblèm disponiblite lajan (dola). Kidonk, kriz gaz la mokonnen ak ensekirite jeneralize ki tabli nan peyi a. 

Kriz gaz la gen enpak sou yon seri sektè aktivite, byen ak sèvis. Pami yo dlo. Galon gazolin nan soti 201 goud pou pase ak 2500 goud, galon dyezèl soti 169 rive 1250 goud nan mache klandesten. Nan zòn pwovens pri yo pi wo toujou, malgre sa, se nan gwo difikilte pou rive jwenn li. Sitiyasyon sa lakoz DINEPA pa kapab alimante rezèvwa li ak ponp pou alimante kominote yo. DINEPA nan sitiyasyon nòmal pat anmezi pou alimante kliyan li yo. Jeneralman, se kamyon dlo ki alimante katye yo nan zòn metwopolitèn nan, kriz gaz la lakoz pri kamyon yo monte disèt wotè.

Moun kap chèche dlo nan kapital Ayiti

Anvan kriz gaz la yon kamyon dlo soti laplèn rive solino te koute 3000 goud, jounen jodi a li koute 7500 goud,  bokit la te vann 10 goud, aktyèlman li koute 25 goud. Epi se nan anpil difikilte pou jwenn yon kamyon ki aksepte vini nan kominote yo. 5 Galon dlo trete a soti 30 goud pou pase ak 75-100 goud nan kèk katye, san konte 2 sache dlo kite pou 5 goud pase ak 3 pou 10 goud. 

Yvanette Pauléus se manman 3 pitit, li ap viv delma 24, akoz ratman dlo a, li oblije moute Boudon pou al chache pwodui ra sa a. Li fè 3 vwayaj ak pitit gason li Jeff  Pierre. Yo chak pote yon gwo galon jòn ak yon ti galon. Selon Yvanette: ” kriz gaz kraze peyi a akoz pri tout pwodui moute, epi yo pa disponib. Sa lakoz moun oblije ale chache dlo byen lwen. Si pwoblèm sa pa rezoud nou ap mouri paske grangou ap fini ak nou.” 

Anplis dlo a ki pa disponib, aksesib epi chè, genyen anpil dout sou kalite dlo popilasyon an ap konsome akoz absans kontwòl leta pa mete pou asire dlo ki disponib yo p ap konplike sante popilasyon an. Kidonk, dwa dlo pèp ayisyen an pa respekte. Se otorite piblik yo ki dwe garanti respè ak efektivite dwa fondamantal sa a. Pakont, se enkapasite menm otorite sa yo ki pèmèt kriz gaz, ensekirite ak movèz gouvènans ki akouche reyalite kawotik peyi a ap viv jounen jodi a.

Repons ak sitiyasyon difisil kriz gaz la pote a dwe soti bò kote yon  gouvènman lejitim ki gen yon ekip moun ki entèg, konpetan ak patriyòt. Ki dwe sitou priyorize enterè popilasyon an sou enterè pèsonèl yo. Konsa, gouvènman sila ap asire dwa sitwayen ak sitwayèn yo respekte.

  • Ekip KJL

Previous
Previous

Jistis Pou Charlot Jeudy

Next
Next

Le besoin d'un pouvoir légitime