Defans Pou Fanm ak Tifi ki Sibi Vyolans

Vyolans seksyèl touche anpil fanm nan sosyete nou an. Jodi a, lalwa rekonèt vyolans seksyèl sou fanm kòm yon zak kriminèl. Lwa yo dwe aplike. Yon kabinè avoka fè sa yon priyorite.

Pale vyolans voye nou tou dirèk nan sa ki gen pou wè ak itilizasyon fòs, nan entansyon pou menase yon moun, oswa yon gwoup moun. Yon moun kapab fè vyolans tou sou pwòp tèt pa li. Zafè vyolans se pa ti koze piti, e li souvan charye dèyè li gwo konsekans. Li ka lakòz viktim nan twomatize, oubyen pèdi bon sans li, pou nou pa di menm rive pèdi lavi li pafwa. Vyolans lan kapab pran plizyè fòm. Daprè tout fòm li kapab pran yo, vyolans seksyèl sou fanm ak tifi parèt plis repete nan sosyete a. 

Mèt Abigaïl Derolian ak Mèt Marie Kattia Dorestant, se 2 avoka k ap travay ansanm ak Biwo Avoka Entènasyonal

Vyolans seksyèl sou fanm ak tifi se yon zak seksyèl youn oubyen plizyè gason kapab fè sou fanm oubyen sou tifi san konsantman. Fenomèn sa nou souvan tande l nan sosyete ayisyèn lan, kote fanm tankou tifi pa epanye anba men vyolè sou zye tout moun. Yon sitiyasyon ki lage anpil fanmi nan gwo tèt chaje, sitou sa ki gen mwens mwayen yo. 

Kalite vyolans sa yo pa respekte okenn fanm ak tifi kèlkeswa klas, ran sosyal ak nivo ekonomik yo. Toutfwa gen yon kategori fanm ak tifi  ki plis viktim kadejak. Pou rezon sa a, Biwo Avoka Entènasyonal yo (BAI) ki se yon kabinè avoka k ap defann dwa moun ki pi fèb yo, bay tèt li misyon nan dènye tan sa yo pou defann kòz vyolans sou fanm ak tifi ki plis defavorize yo. Sa vle di, sila yo ki pa gen mwayen pou ta peye yon avoka pou defann yo. Mèt Abigaïl Derolian ak Mèt Marie Kattia Dorestant, se 2 avoka k ap travay ansanm ak BAI sou dosye fanm ak tifi ki sibi vyòl(kadejak).

Chak fanm oubyen tifi ki viktim kadejak dwe jwenn yon asistans medikal, jidisyè ak sikolojik. Pliske viktim yo aprè zak la kapab toujou trape yon maladi kontajye epi yo ka tonbe nan depresyon. Se poutèt sa, BAI jwenn yon akò ak Medsen San Fwotyè (Medecins Sans Frontières) pou voye dosye chak viktim kadejak pou swivi legal yo. Nan sans sa, BAI travay men nan men ak Enstitisyon pou Jistis ak Demokrasi an Ayiti (IJDH) pou ofri yon asistans legal gratis kote fanm ak tifi ki sibi vyòl yo ka jwenn jistis. 

"Premye dosye BAI travay sou li pou ane 2022 a, se ka yon timoun 16 lane ki viktim anba men yon zanmi fanmi li ki tonbe ansent, epi akouche yon pitit 7 mwa", di mèt Dorestantse. Li t ap eksplike nou aprè swivi legal BAI bò kote viktim sa, yo rive mete agrèsè sa anba kòd aprè pledwaye avoka BAI yo nan dat ki te 10 janvye 2022 a. Avan 2005, vyòl te konsidere tankou yon "attentat aux mœurs". Se Dekrè 11 Dawout 2005 lan ki modifye rejim agresyon seksyèl yo an Ayiti epi elimine nan koze sa diskriminasyon kont fanm. Se atik 278  ki pini vyòl sou fanm ak tifi, epi nan menm pwosesis sa viktim yo dwe jwenn reparasyon.

Viktim yo pa souvan byen trete malgre yo se viktim. Youn nan pi gwo difikilte viktim yo rankontre nan sistèm jidisyè a, pa rapò ak sosyete y ap evolye a, yo fè yo pase pou koupab, komisè yo konn menm rive entimide yo oubyen rabese yo. Sa ki konn koz viktim yo santi yo diminye antanke fanm nan sosyete a, sitou fanm ki te gentan nan lavi gason. Fas ak devalorizasyon sa a, BAI fè yon travay pou rive entegre ak sosyalize viktim yo ankò. 

Daprè avoka Dorestant, se prekarite fanmi yo ki konn koz tifi yo souvan vyole. Pafwa se yon manb nan fanmi yo (papa, tonton, kouzen, parenn, bòpè) yon zanmi fanmi oubyen yon otorite moral (pastè, pè, pwofesè) ki konn komèt zak vyolans seksyèl sou tifi yo. Fanmi sa yo, ki nan yon mannyè oubyen yon lòt, souvan ki konn manke mwayen ekonomik, pa rive reponn ak yon espas kote chak manb nan fanmi an te ka gen aksè ak pwòp chanm pa yo. Kidonk, moun yo vin ap viv pil sou pil tankou aran ki nan bwat. Tifi yo vin pa gen yon entimite. Sa lakoz kadejakè oubyen vyolè yo jwenn yon chimen pi kout pou komèt zak la. 

Nan tout dosye BAI ap trete yo, katreven dis sou san (90%) viktim yo gen mwens pase 18 lane. Pami yo, nou jwenn plizyè ka kote timoun yo gen kat a sis lane. Se yon sitiyasyon ki vrèman ap wonje sosyete a. Sa ki pi grav nan koze a, agresè a souvan se konn yon moun fanmi an fè konfyans. 

Pandan BAI ap fè tout sa li kapab pou akonpanye viktim yo, paran yo dwe travay tou pou enpeche plis timoun viktim. Nan sans sa a, li ta bon pou paran yo fè plis jefò pou voye je sou tifi yo, epi bay timoun yo plis tan ak atansyon. Konsa, timoun yo va santi yo konble e pwòch manman ak papa yo, yo va gen plis siveyans sou yo. Epi Leta ki se prensipal pwotektè lavi moun nan site a dwe pran responsablite l atravè lajistis nan pran bon jan dispozisyon pou rezoud pwoblèm enpinite a.


Atik sila a se yon seri k ap gen swit li.....

Naïka Farley HOLLAND, KJL

Previous
Previous

Mobilizayon Ouvriye Yo nan Pak Karakòl

Next
Next

Sivivan Yo Pale