Sivivan Yo Pale

Sivivan tranblemanntè 2021 nan sid la ap di menm bagay ak viktim tranblemanntè 2010.

Kriz politik pèman, feblès enstitisyonèl, movèz gouvènans, lamizè... se ansanm eleman ki karakterize reyalite 12 dènye ane Ayiti sot viv yo. Fas ak sitiyasyon sa a ayisyen tout tandans politik, relijye ak klas sosyal pa konnen kouman jwenn solisyon ak ansanm pwoblèm sa yo. Mete sou sa,  dirijan  Leta pa rive jwe wòl yo komsadwa pou rezoud pwoblèm yo, okontrè se batay pou pouvwa, san okenn objektif pou transfòme lavi popilasyon an. Kriz malouk san rete yo anpeche pèp la medite sou yon ansanm trajedi ki frape l. 

Konsa, nou ap fè fas ak pawòl sa: yon pèp ki bliye pase l kondane pou l viv li ankò.  

Jan dirijan Leta yo jere dat memorab 12 janvye a se yon ekzanp vivan ilistasyon sa a. 12 lane aprè tranblemann tè 12 janvye 2010 la ki touye 250 000 moun, 300 000 moun blese, 1 500 000 moun san kay. Viktim yo te oblije ap dòmi  nan lari ak sou plas piblik. San konte, evenman sa pral kreye anpil kan pami yo: kanaran, karade, koray... Pou anpil obsèvatè, tranblemanntè 12 janvye 2010 la te ofri opòtinite Leta ayisyen te dwe sezi pou kanpe peyi a sou nouvo baz solid, epi pran revandikasyon popilasyon an ankont. 

Tousuit apre envenman an popilasyon an te pran  pwomès plizyè milya dola yo oserye. Yo te kwè kondisyon lavi yo ta pral chanje, presizeman moun ki t ap viv nan kan yo.  Lòt eleman, se kouman sosyete a sou direksyon Leta te dwe ranmase dat evenman an pou peyi a pat janm bliye malè kite rive yo. Epi pran dispozisyon nan fason n ap abite peyi a pou anpeche menm dega yo repete. Jesyon katastwofik Leta de tranblemanntè 12 Janvye 2010 la kite gou anmè nan bouch popilasyon an anjeneral ak viktim dirèk yo anpatikilye. 

Nan sans sa a, Marie Guilande, yon jèn fi 24 lane ki ateri Koray depi mwa jen 2010, aprè yo te deplase li menm ak fanmi li sou teren Golf Anbasad Ameriken an nan Dèlma 48. Li te genyen 12 lane an 2010, anplis te pèdi grann ak tonton li nan tranblemantè a, li toujou ap viv nan menm shelter ki te pwovizwa a yo te bay pou 3 zan. 

  • Marie Guillande

Aktyèlman, Marie Guillande gen yon timoun 7 mwa. Selon jèn manman an kite reponn kesyon yon jounalis KJL sou akonpayman Leta bali ak fanmi li nan Koray: ‘’ Woy!!! de ki Leta w ap pale m la mesye !!! M pral gen 12 lane depi m ap viv koray la bagay yo se mal yo vin pi mal chak  jou wi ; pa gen dlo, pa gen kouran, travay,  pa gen sant de sante....

Clorene Vericken, yon lòt viktim 12 janvye 2010, 34 lane, manman 3 timoun ap viv nan tèt mòn Kanaran nan yon espas aviwon 12 mèt kare: “Depi lè m nan Kanaran m pa janm wè okenn reprezantan Leta vin fè anyen la a, yon bokit dlo koute 25 goud, yon kous moto soti anba pou monte tet mon nan se pou 200 goud, si youn nan timoun yo ta malad se mòn lan pou w desann ak li pou al pran machin anba a, bagay la pa bon menm pou nou, nou p ap viv nou menm”. 

Menmjan ak Marie Guillande, Clorene, temwayaj lòt viktim ki jouk kounya ap viv nan kan Karade ak Jerizalèm pa diferan : nan sans sa, Kervens Joël Mésidor ki gen 21 lane, ap viv nan vilaj Karade ak yon pwotèz akoz li pèdi yon pye l: "Mwen te gen 9 lane, mw te abite Dèlma 34, jodia m ap viv ak yon sèl pye. Se sa 12 janvye kite pou mwen".

12 lane apre, ki leson nou dwe tire? Fason responsab Leta yo ki pase nan tèt peyi a jere tranblemann tè a moutre okenn leson pat tire pou prapare popilasyon an pou fè fas ak lòt katastwòf natirèl, presizeman tranblemanntè.  Okenn dispozisyon pa pran pou sansibilize popilasyon an sistematikman sou fenomèn natirèl ak konpòtman yo dwe adopte fas ak yo. San konte absans mizanplas yon plan amenajman teritwa makonnen ak bonjan nòm konstriksyon pou reyòganize fason popilasyon an ap konstui epi viv nan peyi a. 

Rezon sa yo se prèv nou pa tire leson sou eksperyans pase yo. Reyalite sa lakoz 5 mwa aprè tranblemantè  14 dawout 2021 nan rejyon gran Sid, dirijan Leta yo enkapab pou akonpaye viktim yo. 

Kidonk, Ayiti ap fè fas ak yon pwoblèm memwa ki  makonnen ak yon kriz gouvènans global ki anpeche li fè fas ak katastwòf natirèl yo. Menm pwoblèm kite ekziste an 2010 yo konsènan konstriksyon abri ak pote sèvis bazik bay viktim yo poze nan gran Sid. 

Nan sans sa a, Lovelie Alcimé, ki se yon jèn fanm ki viktim nan tranblemanntè 14 dawout 2021 an ap viv sou tèren Gabyon. Jèn fanm sa se manman yon timoun 8 mwa. Depi 4 mwa li ap viv san okenn akonpayman Leta ak ONG, pandan  kay li kraze, tout sa li posede anba dekonm.  Lovelie Alcimé dekri sitiyasyon l konsa: Aaaa, sitiyasyon nou konplike anpil sou tèren Gabyon. Bèt (annipye, moustik...) ap manje nou, nou pa jwenn okenn èd pyès kote, n ap mande otorite konsène yo panse ak nou”. 

Se menm kri sa yo viktim 12 janvye 2010 yo t ap pouse. 

Kidonk, 12 lane aprè peyi a toujou poko genyen yon sistèm pwoteksyon sivil kòrèk ki kouvri tout teritwa a. 

Anplis, kriz san rete Ayiti ap viv yo anpeche sosyete a make dat la pwopòsyonèlman ak sa li senbolize pou popilasyon an. Si an 2022 viktim gran Sid yo ap viv menm pwoblèm yo anba je enpuisan Leta, se prèv nou pa tire okenn leson. 

Kwòdinasyon ak jesyon èd apre tranblemanntè 12 janvye 2010 poko evolye ase. Solidarite entènasyonal ki te manifeste tousuit aprè tranblemann tè a se te yon jès fò, malerezman ki pral gaspiye akoz mod èl kwòdinasyon ak jesyon ki te mete anplas yo. Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti (Commission Interimaire pour la Reconstruction d’Haiti) ansyen Prezidan etazinyen Bill Clinton ak Premye minis Jean Max Bellerives t ap prezide, sou enfliyans nasyonzini plizyè milya dola dekese sou non Ayiti epi jere pa CIRH nan asire distribisyon lajan bay ONG pou ede viktim yo. 


Selon  ansyen premye minis Jean Max Bellerives, se sèlman 4 % nan fon ki ranmase a Leta a ayisyen te gen posiblite administre. Finalman, peyi ki bay kòb yo rive kontwole oryantasyon finansman pwojè yo nan kad rekonstriksyon an. Okenn pwojè konstriksyon katye pilòt solid pa rive reyalize anndan peyi a. Anpil ONG ki te benefisye lajan pou konstwui kay pou viktim yo, depanse lajan nan abri pwovizwa-chèltè, anplis yo pa respekte nòm fikse pa abita entènasyonal. 

Suivan seneyas Raoul Peck montre sa nan fim Assistance Mortelle: bayè yo te inyore Leta ayisyen nan planifikasyon ak nan ekzekisyon pwojè yo. Li te pi pasil pou bayè yo te finanse ONG k ap travay nan domèn lasante olye yo te finanse pwojè konstriksyon lopital ak sant sante. Selon Suze Percy Filippini reprezantant pouvwa ekzekitif ayisyen an alpòk anndan CIRH di klèman: reprezantan bayè yo ki anndan komisyon an pa konsilte reprezandan lokal yo. Okenn nan kontra yo siyen ak konpayi etranje oubyen lokal yo pat pran ankont opinyon reprezantan ayiti yo. 

Kidonk, se te yon jesyon opak ak diskriminatwa. Kwòdinasyon ak jesyon apre tranblemann tè 12 janvye 2010 la se ekspresyon konkrè echèk èd imanitè a an Ayiti, kote se operatè ak gwoup lòbi entènasyonal yo ki benefisye retonbe yo nan plas viktim yo.  Echèk sila rive posib akoz feblès entitisyonèl ki karakterize Leta ayisyen, reyalite sa rezilta kriz politik kwonik peyi a ap fè fas sistematikman.

Jacques Hebreux JOSEPH

KJL


Previous
Previous

Defans Pou Fanm ak Tifi ki Sibi Vyolans

Next
Next

12 lane aprè 12 janvye, kijan sa ye?